OPINION

YON PEYI K AP KOURI DÈYÈ SOLÈY

Lè mwen di Hayti ap kouri dèyè solèy, mwen vle montre noupeyi nou an se tankou yon nonm gigit li pran nan zip. Li pa ka ni monte zip la ni desann li. Li oblije rete la ap vire an won. Fèje glè je li vire lanvè tankou yon entatad epi priyè pou li wè si yon pwochen ka vin ede li. Men danje ki gen koze sa a: nonmnan pa ka kite nenpòt moun vin touche pati entim li. Mete sou sa, se sèlman moun janjòl li pran nan zip la ki pou ki opsyon k ap pi bon. Èske se monte oubyen desann. De tout fason, li oblije poze yon aksyon.

Ilistrasyon sa ede nou prezante twa (3) labirent (malèpandye) ki pann sou tèt peyi nou:

 

  1. Li klè, moun k ap dirije la yo(an oktòb 2022) yo pa genmisyon fè anyen pou chanje kondisyon sosyal egzistans mas yo(nou wè sa deja, anyen pa enterese yo: dlo, elektrisite, rechèch syantifik, agrikilti, sante, kominikasyon, asirans, anplwa, kreyasyon antrepriz… S on ekip moun ki di tèt yo pitoyo lèd yo la). Poudayè, olye yo panse amelyore kondisyon lavimoun, plan yo se ogmante nan soufrans pèp la nan ogmantepri gaz pandan Leta a te ka ranmase menm kantite lajan li bezwen yo, plis menm, nan retire franchiz dwanyè nan men mafya yo, mete kontwòl nan ladwann, mare tout sankoutcha k ap fè kontrebann, kanpe koze konsil onorè-komèse k ap antre voum machandiz sou do konsila peyi etranje yo). Leta konnenchaje lajan k ap bwase la, men se sèl sibvansyon pèp la benefisye a li twouve ki twò lou pou kès Leta. Kidonk, se yonLeta kont pèp. E toujou gen yon ekip moun san sansibilite, sanimanite(mounite), san etik, san vègòy ki toujou pare fè djòbsal sa: kofre pèp la, mete popilasyon an sou djak pou trangleli, fè li rann flim jouk li trepase.

 

  1. Anpil nan moun k ap chofe pou ranplase aryennafè ki la yose yon dal figi ki te la deja ki pa te regle anyen(dayè se enkapasite ak mank vizyon sa ki pase yo menm ak konpòtmanchenchennen sa ki la yo jodi a ki lakoz nou plonje nan sitiyasyon malouk sa jodi a. Se yon peyi ki gen kapasiteresikle demeplè, parese, inyoran al atoufè. Ekip la te la, li pare regle anyen, lè li pèdi pouvwa, li tonbe kriye tankou tibebeki bezwen tete. Li bliye si li te la san li pa te fè anyen.

 

  1. Yon fòs etranje(kesevwa sivil oubyen militè), li p ap janmnan avantaj nou paske:

 

A. Fòs etranje pa gen objektif transfòme peyi a(yo la deja depi1915. Nou vin pi mal. Mete sou sa, etranje p ap menm pèdi tan retounen fizikman paske yo gen espyon, timoun yo isit deja kipi byen plase pou fè travay labou a.) Nou pran egzanp: gouvènman haytien vote kont Venezyela san gouvènman sa pakonnen poukisa. Blan mande li vote, se fini. Menm si vòt la kont enterè Hayti. E kounye a, se menm Etazini sa ki te fèHayti mode gwo pous li a jodi a k al mande Venezyela achtegaz. Tablo sonm sa montre diplomasi nou an s on briganday, yon ekip zonbi k ap mache nan festen ak fouk pantalon yochire jouk anba. Menm Etazini ri nou jwèt suisuidè sila.

 

B. Y ap vin sipòte menm mòd òganizasyon sosyopolitik akekonomik santi kri a(kidonk, kontinye fè popilasyon an bwèdlo santi) atravè eleksyon grenn soulye kote se kandida ki fèplis alejans ak blan, sa ki pi dosil la, sa ki gen plis twou nan manch lan, se li y ap chwazi(nou te wè ak ki fasilite blan te fènou vale Michel Joseph MARTELLY alyas Swit miki sou Mirlande Hyppolite MANIGAT. Se toujou sa blan ka plis manipile a se li k ap pran lamayòl jis pou kache peche yo.

 

C. Nou sonje MINUSTAH te nan peyi a(yo pase plis pase 10 zan. Yo pa menm rive kite yon polis modèn. Poudayè, yo ale ak tout ekipman ki te ka pèmèt omwen polis la te ka reponn a kèk kesyon bandi poze. Nou pa bliye Commission Intérimaire pour la Reconstruction d’Haïti (CIRH) tou kote plis pase 9 milya dola ameriken fonn tankou bè. Alòske se yon ansyenprezidan ameriken ki te nan tèt Komisyon fantom sa. Genmoun ki te panse Hayti t apral f on pa an avan. Ebaw!

 

D. Se reprezantan Nasyonzini menm, Madam Lalime ki fèkonnen kreyasyon federasyon gang yo redwi nan vyolans nan peyi a). Deklarasyon sa mete tout ipokrizi Nasyonzini deyò. Nan ki peyi pou reprezantan Nasyonzini ta ka fè yonenpètinans konsa?

Boutofen, apre tout konsiderasyon sa yo, li klè, ni moun k apdirije la yo, ni ansyen ki t ap dirije deja kounye a k ap chofesou ban pou vin monte teren an ankò ni kominoteentènasyonal la, yo tout gen menm misyon an: kenbe Haytinan mizè ak povrete. kokoratize peyi a.

Soti nan twouying (enpas) sa se pa yon egzèsis fasil ditousitou lè nou konnen sèvo anpil nan popilasyon an deja frare(bouyi) ak yon modèl edikasyon pye kout pran devan. Yonedikasyon ki fè pèp la danse, chante epi fredone mizè li. Rebwè sa li fin vomi. Yo kondisyone pèp la pou li pa menmka revòlte. Yo fè li aksepte tout betiz.

Ki sa nou dwe nan kafou tenten sa?

Solisyon an se ta va jwenn yon ekip moun eklere, avize, fòme, patriyòt nan nanm ki ka gade blan nan je, ki p ap tranble pou etranje ak avantaj pèqonja epi ki pare pou mete enterè Haytidevan, ki ka pote yon vizyon chanje peyi, ki ka pran desizyonnan non ak enterè peyi a malgre blan ta ka fache.

Si se nan enterè Hayti, nou dwe pare pou nou gen rapò aknenpòt peyi sou latè. Se pa paske yon peyi grand pisans padanse kole ak yon peyi ki fè Hayti dwe otomatikman metepeyi sa nan kanpe lwen tou. Non. Si nan kesyon gaz, teknoloji, sante, lojman, inivèsite, agrikilti, bank devlòpman, amenajmanteritwa ak lòt domèn se tèl peyi ki nan avantaj nou, nou dweetabli rapò ak li nan enterè Hayti san menm konsilte yonpisans etranje paske yo menm lè pou defann enterè peyi yo, yopa konn bezwen pwendvi Hayti. Nou dwe ale nan sans enterèHayti. Menm si ta gen bouch gonfle. Zafè. Poudayè yo p ap fèanyen pou nou.

Hayti bezwen moun ki pa kyè ni pè si yon peyi ta koupe vizayo oubyen menase depòte pitit ak fanmi yo.

Sonje, desizyon pou devlope Hayti tout bon p ap janm fè blanplezi. Depi nou wè blan ap sipòte yon ekip sou pouvwa noumèt kwè ekip sa p ap regle anyen pou peyi nou an.

Desizyon pou fè Hayti pran chimen pwogrè se Haytien ki dwepran li. Nou dwe sispann pran lòd nan men anbasad. Nou ka pa gen gran teritwa men nou gen yon bèl istwa. Nou ka enspire de istwa nou pou ranmase karaktè nou ki fin pèdikoulè nan resvwa grenn diri, balon, 3 bis, vye bokit, kèk palto. Nou dwe kòmanse aprann wont.

Se vre nou nan chenn toujou la, men nou sèten n ap jwenn yonchimen pou nou soti nan katchouboumbe nou ye depi lontansa.

 

 

Iléus PAPILLON

Sosyològ

5 oktòb 2022

bakop pou andirans
Bouton retour en haut de la page