POUR VOS PUBLICITÉS : +1 (857) 353-0417
+509 3645 - 7054
CultureLittérature et Loisir

Nan Sèt priyè lari, Iléus PAPILLON fè pèlas

Lè nou fin li Sèt priyè lari, premye reyaksyon nou genyen, se admèt, s on pwezi granmoun. Powèm nan deklare souverènte li depi nan premye paj jouk nan fen tèks la.

Sèt priyè lari pran endepandans li, tankou sa fèt pou chak powèm ki kouche nan liv la. Moun Pòmago ak Okap ta di Iléus PAPILLON fè yon bèl kout pè zo. Atis plimeyank ki pa pote pantalon l pou bèl twèl la, kanpe danbann pou ofri nou yon pwezi gason kanson. Dayè, pou louvri pwezi a, nou remake se yon powèt pwofèt k ap desinen yon tablo sonm Pòtoprens t apral trennen:

«Yon tilanp Pòsmachan
Ap beke dòmi timoun
De gout dlo janbe Leta
Pou ekri yon epòk
Avan lannuit febli
Lanmè bliye dlo je l nan cheve vil la.» (P.14)

Nan tèks sila, Iléus PAPILLON kouri pi rapid pase tan. Sanmba gen tan pran devan pou founi je li gade sa k ap tann Pòtoprens, yon vil kan w pran w konnen, yon vil kage sou do, yon vil dlololo, yon vil sa m manje m pa ba w. Nan paj 19, powèt la ekri:

«Yon tilanp Pòsmachan
Pot dlo je prete lapli
Ak lafimen Matisan
Gen yon kanè ki pral fini.»

San di petèt, IP montre li te deja wè ki kalite pichon, madichon ak malèpandye ki te pann sou tèt vil la.
Li enpòtan pou nou raple, se yon liv Iléus PAPILLON pibliye nan ane 2014, sa vle di, 8 ane avan tout deblozay n ap viv jodi a, jen 2022.
Gen yon eleman enpòtan nou dekouvri nan liv Sèt priyè lari a. Alòske gen yon gwo mouvman (Petwo Tchalendjè) ki te eklate nan peyi Ayiti ant 2018 ak 2019, nou konstate Iléus PAPILLON te deja voye alèt la depi 2014 lè li ekri nan dènye paj liv la(P.113) yon powèm ki pote tit : «PETRO CARIBE»

«Lè nou fin defonse syèl
Rale pye Bondje desann
Lè nou fin twonpe lari
Rale swè timoun nan chalimo
Pran jòf Jalouzi
Lè nou fin limen chive n
Woule vil la
Souse vil la
Graje vil la
Sèkle vil la
Panche vil la
Kwense vil la
Vide vil la
N a karese chak degout foli lanmè» (P.113)

Li klè, Iléus PAPILLON te deja pataje preyokipasyon li sou yon sijè sansib ki t apral eklate nan peyi a. Se pou sa nou di, nan Sèt priyè lari, Iléus PAPILLON pèlas.
Yon lòt bò, powèt ki pa ezite «Desann klòch Katedral ak swe kò Madansara»(P.17) tonbe apante tout Pòtoprens epi rale kreyon li make tout ti detay ki fè otè a rive pran li epi drese nan plamen nou, yon pwezi kinalaganach nan yon lang ki dous, kid bèl, kid fre. Yon lang Iléus PAPILON metrize byen.

Petèt fòmasyon li kòm sosyològ(Fakilte Etnoloji / Inivèsite Leta Ayiti) gen enpak sou fason li pran swen pou ekri kreyòl la. Gen moun kid kwè, metrize lang pèp ou se deja yon siy respè pou pèp sila, pou kilti li, elatriye..
Pi devan, si yon bò, Iléus PAPILLON raple nou «Bwadchenn desann ak rèv nou plen dlo / Lannuit chire debatan» (P.19) pou fè nou sonje Bwadchenn s on gwo jaba ki dodomeya sou do nou men nou fè tankou nou bliye li menm jan ak maleng ki rele Mòn Lopital la, yon lòt bò, se yon powèt ki tonbe yon bèl fanm ki mare foli nèg Pòmago a. Iléus PAPILLON se yon papèchay. Mouche sa pa nan kache santiman li. Piblikman, li esprime sa li santi pou flè solèy la. Tankou powèt la envite fanm sila vin kwaze pye li nan pwezi a jan li vle. Konsa, nan powèm ki pote tit «M ekri w» (P.22-24 la, Iléus PAPILLON pati konsa:

«Tout rèv mwen plen mak bliye
M ekri w dènye ti bo
Tras nofraj kè nou trennen
M ekri w dènye randevou riyèl Nazon
Dènye retay foli m.»

E pou mete bout nan powèm nan, nan yon bèl je omofonik, otèt Sèt priyè lari a ekri :
«M ekri kri m yo fè devan je m
Yon lanmou defonse foli m ap manje
M ekri w ak yon kè evande nan vil Kwadèboukè.»
Nenpòt kote nou manyen liv Sèt priyè lari a, Iléus PAPILLON simen yon ladouskivyen ki fè liv la bay yon gou kontinye.

Boutofen, Iléus PAPILLON anpil moun rekonèt ki renmen peyi li, zanmi ak fanmi li anpil, sonje dedye yon powèm pou yon kamarad inivèsitè li ki rele Guibert CHARLES. Pou zanmi sila, powèt la ekri : «Sou Pòtay…» Yonn nan powèm kousouf rekèy pwezi a pote. Iléus PAPILLON ekri :

«Ren vil la kase sou Pòtay
Nou kole pyese jou yo pyès pa pyès
Yon moun fou wè nan jounal
Solèy bare Leta k ap vann dlo je timoun» (P.25)


Ak Inéma Jeudy, Anivince JEAN BAPTISTE, Iléus PAPILLON fòme yon triyo wòdpòt anpil kritik konside kòm pi bèl jenn plim nan nouvèl jenerasyon powèt kreyòl ayisyen yo.
Sèt priyè lari, yon liv enteresan. Nou envite ou al vwayaje ladan li. Sèl garanti nou ka genyen davans, nou pa fouti retounen demen vid apre nou fin travèse Sèt priyè lari, yon bèl kado Iléus PAPILLON lage nan plamen nou.

Alexandra JEAN LOUIS ak Berdina NARCISSE

Suivez-nous sur

Facebook

Bouton retour en haut de la page