OPINION

Pòtoprens se yon vil ki sanse pèdi, pou pi klè; se pa meyè kote pou envesti lajan w.

Sipopilasyon demografik nan Lwès la kapab bon pou moun k ap bwase nan ekonomi an ak tout riks li trennen dèyè l yo. Si yon moun ap bwase nan politik chen manje chen an tou se ap yon bon teren pou li. Men nan tout ka kontrè, yon moun ta vle fè yon envestisman dirab li oblije voye k ap li nan youn nan vil pwovens yo.

Se pa yon lòd, se yon konsèy!

Mwen mete m dakò sou opinyon sa a e mwen vle pataje refleksyon m sou sa avèk tout moun ki konte envesti an Ayiti.

Ann di tèt nou "Pòtoprens paka rete konsa; sou plan demografik, sekiritè, enfra-estriktirèl gen chanjman ki dwe fèt". Ann di tèt nou tou: "Otorite nou yo, pou evite tout chwa enpopilè, ta chwazi kite l mache pou fè plezi ak majorite a".

Tou 2 chwa sa yo ap mete envestisman w lan an danje.

Ann gade konsiderasyon demografik sa yo: Pòtoprens pou kont pa l, avwazine 3 milyon moun k ap viv ladan l selon estimasyon ki fèt depi 2009. Sipèfisi Pòtoprens se 735.78 km kare. Sa vle di sou chak grenn kilomèt kare gen 4000 epik moun k ap viv sou li. Konkrètman se tankou w te pran 400 moun mete viv sou yon espas ki lajè yon teren foubòl. Yon sitiyasyon konsa li favorab pou tout kalte pwomiskuite, yon teren pwopis pou jenere konfli, kreyasyon gang, pwopagasyon mikwo-òganis(enfeksyon), ensekirite elatriye.

Kafou, Dèlma, Petyonvil ki se lòt gran vil zòn metwopolitèn nan, depi 2010 kontinye ogmante popilasyon yo ki tikras pa tikras kite 5 sanmil abitan pou avwazine yon milyon yo chak. Site Solèy se manman koze a. Konnye a lè n konsidere, Taba, Kwadèboukè, Kenskòf, Kabarè, Gresye kòm periferik a zòn metwopolitèn nan, nou ka globalman estime depatman Lwès la a 7 milyon abitan minimòn san ekzajerasyon.

Pakonsekan, si nan youn nan ka posib yo, otorite yo ta di pou evite twòp dega materyèl, y ap gade depatman Lwès la konsa, y ap sèlman mennen gè kont gang yo pou pèmèt sitwayen yo sikile. Èske sa sèlman ap sifi lè nou konsidere klima demografik la gentan favorab pou jenere ensekite ak fòmasyon gang? Kòman sa ap ye pou goumen kont fatra, inondasyon, anbouteyaj, maladi enfektyez elatriye? E si retablisman lapè a pou kont li ta atire plis moun migre nan Pòtoprens, nan sans sa a; èske sitiyasyon an pap retounen kawotik nan yon ti tan tou kout?

Nan lòt ka posib la: si otorite yo ta deside chwazi desantralizasyon kòm opsyon pou dezantrave kapital la nan vizyon pou rekonstui wout ak vil modèn. Sa t ap mande anpil dega materyèl kote Leta t ap blije kraze anpil kay, detui vil, elaji wout pou reyalize gran pwojè sa yo. Leta ka oblije kraze byen pa w la pou l ka ofri w kapital ou reve a.

Nan tou 2 ka yo envesti Pòtoprens rete yon risk ou pran tout fason. Se yon refleksyon m fè pandan m ap reflechi sou pi bon fason m ka envesti nan peyi m Ayiti. An-atandan m fè chwa yon vil pwovens, m retire Pòtoprens nan panse m epi m pwofite pataje opinyon pa m nan avèk ou.

M te pwofite gade kòman sa ye pou kèk vil pwovens. Kòm se lapè m ap chèche, kote ki pa gen konsantrasyon e ki favorab pou lavi trankil. M evite klike sou gran vil yo tankou Jeremi, Okap, Okay, Gonayiv... M gade sitiyasyon kèk vil ki andeyò chèflye yo tankou Dame Marie nan Grandans: 38.747 abitan, sipèfisi 102.16 km kare kote 379 moun ap viv sou yon km kare. M gade Mòl Sen Nikola: 30 700 abitan, sipèfisi 227.07 km kare kote 136 abitan ap viv sou chak km kare li yo(done wikipedia 2015). Se prèske menm kadfigi a pou tout rès komin ki nan tout depatman yo ki nan menm sitaysyon sa a.

Moun yo kouri kite vil pwovens yo ak yon pakèt richès ladan yo pou al chèche lavi miyò Pòtoprens. Lè w kesyone anpil nan yo, yo di w: "andeyò lakay mwen gen tout mwayen pou m ta rete viv, men pa gen kòb". Motivasyon monte Pòtoprens lan san konte sila yo ki vin lekòl yo; se fè kòb. Nan sans sa a si ou menm ou gentan gen kòb, ou ka ale viv, kreye ak eksplwate richès yo kouri kite yo. Lè plizyè nan nou fè menm jan an, komin nan ap vin gen kòb, lè sa a, sa ki te ale ap tounen vin viv n ap kapab fè kòb avèk yo. Konsa; si vrèman pwojè enperyalis ak oligak yo se fè mas la kouri kite richès peyi a pou yo al jui l nan plas yo pi devan. Lè yo vini y ap jwenn Colson te kouri kite tè a men Casimir ranplase l, Bruno te kouri kite moso pa l la Yenny ranplase l, Wilbert te kouri sou domèn pa l la Chango ranplase l. Nou ka gade yon bèl ekzanp pwojè Abedjluniverse lanse nan nan Sid la. Gen anpil lòt tou k ap travay nan menm sans lan san yo pa fè bri.

Mondy Methelus
10 Out 2023

bakop pou andirans
Bouton retour en haut de la page