Littérature et Loisir

Lang Manman, Yon Trezò San Parèy

Yon lang manman se premye lang yon moun pale depi lè li ap viv sou latè beni san li pa te bezwen ale sou ban lekòl pou sa. 

Pou moun rive pale se pa yon bagay trapde ni yon bagay bridsoukou, se yon pwosesis espesyal, yon pwosesis adaptasyon ak anviwònman kote l ap viv la. Depi nan babiyaj pou jouk li pouse son (Brigaudiot et Danon-Boileau,2002), pwosesis sa abouti gras a de seri ògàn nan kò moun ki dispoze alavans pou sa. Gras ak gramè lang lan ki deja prezan nan tèt timoun nan san li pa menm konsyan de sa (Chomsky,1957), li vin posib pou timoun nan rive pale lang manman li, konstwi fraz, pouse son san li poko yon jou chita sou ban lekòl. Anplis, timoun rive pale se nan imite sa li tande moun nan antouraj li ap di. Se nan fwotman li genyen ak lòt moun ki ap viv nan antouraj li. Tank moun ap benyen nan yon anviwònman lengwistik ki rele l pa  li, se tank rapò l ak lang li vin sere.

Rapò moun ak lang li pale

Premye lang yon moun pale enskri nan fondal natal li. Se lang sa a ki chapante sèvo li. Se ladan li kòmanse kriye pou tete. 

Lang manman yon moun makonnen avè l tankou lanvè landwat, venteyen ak senkanteyen. Yon moun ak lang li se tonton palmis, kabrit tomazo: menm plim menm plimay. Lang yon moun sèvi l idantite. Se ladan ou jwenn istwa damou l, fyète l ak tout sa ki fè l moun tankou tout moun. Chak moun devlope yon rapò entim ak lang li. Ladan li fè ti tripotay li. Li koupe kout je, li bouyi ti zen, li bay blag. Se ladan l li tris, li kriye, li jwe, li fè koken, li fache, li ri, kè l kontan, li renmen, elatriye. Lang yon moun enpòtan nan lavi l. Se zouti ki pi efikas pou li rive konnen kichòy.

Enpòtans lang manman nan aprantisaj

«Manman lang yon moun se zouti pou lavi, yon zouti pou ede l viv, se ak li li pran kontak ak sa ki antoure l se ak li tou li rive dekri antouraj li, epi konprann li tou.» (R.D.Dorcil, 2012)

Etandone pou moun aprann yon kichòy, yon istwa, oswa yon reyalite li potko konnen, se apati de yon lòt kichòy, yon lòt istwa, yon lòt reyalite li te konnen deja, e piske lang manman se youn nan premye bagay moun trape depi l ap viv sou latè beni,  lang manman se premye zouti pou moun pran konesans, pou aprann pale lòt lang, anplis de sa pou w fè fas ak lòt reyalite. 

 

Daprè lengwis ayisyen Yves Dejean, Li enpòtan jiska nesesè, pou edike yon pèp nan lang li. Paske sa fasilite devlopman koyitif li. Li ap ede l bay pi bon rannman nan zafè lekòl. Lè w edike yon pèp nan lang li, se mwayen ou ba li pou l reflechi ak aji nan sans ki ap bon pou peyi li ak tèt li.

Lang manman yon moun se premye zouti pou li fè konesans ak monn nan. Se premye zouti ki make egzistans li sou latè. Pèsòn moun pa ta dwe anpeche pèsòn lòt moun pale lang li. Lè nou rekonèt dwa moun genyen pou li pale lang manman li, se rekonèt dwa l genyen pou l egziste antanke pèp, ki gen yon pase, yon istwa, ki gen yon koutim, yon kilti, elatriye.

 

Shesly PYTHON

Etidyan Lengwistik Teyorik ak Deskrisptiv nan Fakilte Lengwistik Aplike, Inivèsite Leta Ayiti

 

Bibliyografi

BERNICOT, Josie et Bert-Erboul,Alain. L’acquisition du langage par l’enfant. In Press Editions. 2009

BRIGAUDIOT, Mireille et DANON-BOILEAU Laurent. La naissance du langage dans les deux premières années. PUF. 2002

CHOMSKY,Noam. Structure syntaxique. Seuil. 1957

DEJAN, Iv. Ann etidye lang nou an. Demen Miyò. 1995

DEJAN, Iv. Yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba. Éditions de l’Université d’Haïti. 2013

Webografi

BIEN-AIMÉ, Gaëlle. 《Yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba.》 Le Nouvelliste ( https://lenouvelliste.com/article/117027/yon-lekol-tet-anba-nan-yon-peyi-tet-anba ) 2013. Vizite 19 Fevriye 2021

DORCIL, Dorcé Rogéda. 《Lang matènèl, manman lang nou.》 Le Nouvelliste ( https://www.google.com/url?sa=t&source=web&rct=j&url=https://lenouvelliste.com/article/127750/lang-matenel-manman-lang-nou/amp&ved=2ahUKEwjL3ubgqvvuAhUaac0KHS5zBEoQFjADegQIDBAC&usg=AOvVaw0KBJ_FYV4PDyCHrz7qkfTz&ampcf=1 ) 2014. Vizite 19 Fevriye 2021

VILMÉ, Leevens. 《Represyon Lengwistik la toujou la, Lang Kreyòl Ayisyen an ap Reziste. 》( http://blogs.balistrad.com/article/faits-divers/education/kreyol-ayisyen-lang-represyon-lengwistik-lekol-aprann/ ) 2021. Vizite 19 Fevriye 2021

 

bakop pou andirans

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Bouton retour en haut de la page