PatrimoineSociété

LI POU LIB : yon randevou liv ak sosyològ Iléus Papillon sou radyo patrimoine (99.5 FM), chak dimanch aprè midi

« Motive plis moun pou li », se ak objektif sila, sosyològ Iléus Papillon kase randevou ak tout moun chak dimanch, sou radyo « Patrimoine », 99.5 FM lan, soti dezè pou rive katrè nan aprè midi, pou yon emisyon ki rele LI POU LIB. Nan yon kozman, redaksyon jounal la te fè ak espesyalis Istwa, memwa ak patrimwàn lan, 10 Mas pase a, pwofesyonèl nan sosyoloji a te bay kèk detay konsènan lansman nouvo emisyon ki batize LI POU LIB.

Nan ti kozman nou ak Iléus Papillon li te esplike poukisa emisyon an rele “li pou lib” : « Lekti se yon vwayaj. Yon vwayaj ki pèmèt nou chache tèt nou, dekouvri lòt kilti ak lòt sivilizasyon(souvan menm sa ki pa egziste ankò). Lekti a ka pèmèt nou libere panse nou. Yon moun ki li anpil se yon moun lespri li louvri pou diskite ak moun. Se yon moun ki santi li lib. Se pou sa nou di tout moun Lib pou yo li, e fòk yo li pou yo lib. Nou deja kase randevou chak dimanch 2è – 4è PM sou Radio Patrimoine, 99.5 FM. Gen yon eleman enpòtan pou nou mansyone: premye fwa nou te itilize espresyon «Li pou lib» la se te nan ane 2010 yo kote nou (Iléus PAPILLON ak yon kamarad-frè konba, Anivince JEAN-BAPTISTE) te òganize yon aktivite atravè Tanbou-Literè, yon regwoupman atis ak ekriven nou te kreye an 2011. Nou te òganize aktivite ki pote non “Li pou lib” la nan Direksyon Nasyonal Liv (DNL). », li di nou.

Pou enpòtans nou konnen yon emisyon radyo genyen nan sosyete a, redaksyon jounal la te poze kesyon pou konnen ki chanjman (enpak/efè) sosyològ la espere fè ak “li pou lib” :

« Nou espere motive plis moun li, sitou jèn yo, olye yo livre tèt yo nan vye pratik tankou dwòg ak alkòl. Nou swete tou nou rive bay gwo bourad nan batay pou demokratize lekti an Hayti. E nou rete kwè n ap atenn objektif nou paske nou gen yon ekip solid soti sou PDG Radio Patrimoine nan, Edner JEAN, ekip konseye nou yo ki gen ladan: Pierre Paulsonn DEVILIEN, Shesly PYTHON, Mario FILS, Anivince JEAN BAPTISTE, Jodelin DESRAMEAUX(Grafis nou), Énard JEAN FRANÇOIS… »

Dapre sa Iléus Papillon fè konnen, nan emisyon “li pou lib” ap gen Lekti ekstrè liv, prezantasyon otè ak liv, rezime liv, espoze sou liv, sijè sou enpòtans liv ak lekti, elatriye. Li ajoute se tout kalite liv k ap itilize nan sijè emisyon yo, “men sitou liv syantifik. Liv ki ka ede nou rezoud pwoblèm sosyete nou an. Liv ki ka ede nou rejwenn chimen nou. Liv ki ka ede nou devlope kapasite nou. Nou dwe siyale tou, n ap mete anpil aksan sou prezantasyon an kreyòl, lang pèp haytien an nan emisyon sila”.

Sosyològ Papillon anonse gen anpil inovasyon k ap pote nan emisyon Li pou lib : « ribrik “Tchalendj liv” kote lè nou gen yon envite, nou ka mande li èske li konnen yon moun k ap li oubyen ki te li yon liv, n ap tou rele moun sa an dirèk pou li pataje esperyans li ak nou nan vwayaj li te fè nan liv l ap oubyen li t ap li a. Nou gen yon lòt ribrik ki rele “Kwense liv, mete liv” ladan, n ap poze kesyon senp pou fè oditè yo kado liv. N ap pataje minit tou pou pèmèt lektè nou yo fè entènèt pou yo fè rechèch. Alexandre JOSEPH SIMON ak Mario FILS Alyas Zagribay nan Boston se 2 esponsò ribrik pataj minit lan», se sa Iléus Papillon di nou sou emisyon sa ki ta dwe enterese tout moun sou latè an patikilye etidyan, elèv, lektè, chèchè, tout tizè liv ak tout popilasyon “haytien” an.

Pou moun ki pa konnen nou te mande envite nou fè yon ti prezantasyon tèt li : « Iléus PAPILLON se Sosyològ, li gen yon Metriz nan Istwa, Memwa ak Patrimwàn. Li goumen anpil pou respè dwa lengwistik pèp haytien an. Iléus PAPILLON pibliye plizyè liv an kreyòl ak an franse. Pami yo: Tessons de rêves, Sèt kle pou louvri letènite. »

Image7

bakop pou andirans

Un commentaire

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Bouton retour en haut de la page