ActualitésÉtats-UnisImmigration

Kijan pou yon moun jwenn azil nan peyi Etazini?

Pandan dènye ane sa yo, pwosesis chèche azil nan peyi Etazini sibi anpil gwo chanjman  nan kad politik imigrasyon amerikèn nan. Nan atik sa a, nou pral esplike pwosesis pou chèche azil sou fwontyè Etazini-Meksik la epi nou pral founi dènye enfòmasyon sou sa ki chanje nan politik imigrasyon nan dat 11 me 2023.

Kite nou diw azil se yon fòm pwoteksyon legal ki pèmèt yon moun rete nan  peyi Etazini si li te pèsekite nan peyi li oswa si li konsidere lavi li an danje si li ta retounen nan peyi li soti a. Azil la se yon dwa jiridik ki ofri etranje  yo opòtinite pou yo mande refi nan peyi Etazini.

Jusqu’à dat 11 me 2023, moun ki vle mande azil sou fwontyè Etazini-Meksik yo te dwe swiv pwosesis sa yo:

  1. Pran yon Randevou sou Aplikasyon CBP One: Si ou pa gen viza pou rantre nan peyi Etazini oswa ou pa te resevwa otorizasyon nan kad pwogram imanitè pawòl la, ou dwe pran yon randevou sou aplikasyon CBP One lan. Sa ap pèmèt ou mete dokiman ak enfòmasyon ou yon nan gwoup moun kap antre sou fwontyè a.
  2. Te Aplike pou azil nan Lòt Peyi: Si ou te deja aplike pou azil nan yon lòt peyi oswa ou te jwenn refi nan yon lòt peyi, sa ka afekte pwosesis ou nan Etazini. Ou dwe konprann regleman yo sou sa.
  3. Anmezi pou pwouve ou an difikilte ekstrèm: Si ou gen ijans medikal grav oswa menas reyèl sou sekirite ou nan peyi w, ou ka fè yon demann pou anmezi nan kad pwosesis azil la.

Nan dat 11 me 2023, politik Etazini sou azil yo te chanje. Pwogram Tit 42 la te fini. Sa vle di moun ki vle mande azil pral sibi yon pwosesis nouvo. Pwosesis la se yon tantativ pou kontwole kantite moun ki antre nan Etazini an pasan pa fwontyè Meksik la.

Lwa Etazini ak lwa entènasyonal bay dwa pou mande azil nan Etazini. Menm si politik imigrasyon yo ap chanje, moun yo toujou gen dwa pou yo mande azil si yo soti nan peyi kote yo te pèsekite oswa nan danje.

Pwosesis azil la trè konplike, epi li enpòtan pou moun yo jwenn èd legal. Anpil òganizasyon ak avoka ofri sèvis legal ak sipò gratis oswa nan pri abòdab. Se yon bon lide pou konsilte avoka imigrasyon oubyen yon òganizasyon ki kapab ede w nan demann azil ou.

Men kèk òganizasyon ou ka kontakte: 

Kiyès
Ofri
Kontakte
Yon manm gratis ak èd legal ak enfòmasyon.
Ede w jwenn sèvis ki prè ou.
800-375-1433
Èd pou moun yo te arete nan Arizona.
602-307-10081845# nan yon telefòn sant detasyon
Chèche èd legal nan etablisman detansyon.
Èd pou moun yo te arete yo.
209-757-37339233# soti nan telefòn sant detansyon
Èd si w te separe ak yon timoun oubyen yon fanmi.
213-454-0527 [email protected]
Ede w si yo te agrese w nan yon sant detansyon oswa yon lòt kote.
800-656-4673
Èd si w te separe ak yon timoun oubyen yon fanmi. Disponib 24/24.
800-203-7001699# soti nan telefòn sant detansyon [email protected]
ÈEd pou refijye ak moun k ap chèche azil yo te arete Ozetanini.
202-461-2356#566 soti nan telefòn sant detansyon
Jwenn mizajou sou ka w la.
800-898-7180
Jwenn enfomasyon sou manm fanmi yo ak dosye w la. Rapòte pwoblèm pandan w nan detansyon tankou abi seksyèl ou fizik.
888-351-40249116# ki soti nan telefòn sant detansyonSeparasyon fanmi: [email protected]è prizonye yo:https://locator.ice.gov/odls/

Lis lòt oganizasyon leta k ap ede moun sou fwontyè a genyen ladan yo:

Arizona
Sevis Kominote Katolik / Casa Alitas
Kino Border Initiative

Kalifòni
Galilee Center
JFS

Meksik ak Kalifòni
Al Atro Lado
Border Angels
Border Kindness
Jewish Family Service 
HIAS Mexico
ImmDef
InfoDigna 
Resource Center Matamoros

Nouvo Meksik
Lutheran Family Services
Catholic Charities

Nap raple w pwosesis chèche azil nan Etazini se yon pwosesis ki legal pou moun ki sòti nan peyi yo epi ki an danje.

bakop pou andirans
Bouton retour en haut de la page