Littérature et Loisir

Tanbou-Literè fete 10 zan l 10 avril 2021 an

Se fwi refleksyon yon gwoup zanmi sou direksyon Jean Baptiste Anivince, Iléus Papillon, Sagesse Messerne ki fòme jounen jodi a Konsèy Administrasyon TL. Regwoupman literè sila a reponn ak yon nesesite: idantifye nou pi plis toujou kòm Ayisyen epi fè konnen kalite richès ki genyen nan literati ak kilti ayisyen an. Se konsa, nou kreye Tanbou-Literè 10 avril 2011. 10 avril 2021 fè nou 10 zan. Malgre tout sa k ap pase nan peyi a, malgre reyalite malouk ensekirite sou tout fòm k ap toupizi nou, Tanbou-Literè te chwazi make jou a jan li kapab, ak yon efektif redui.
Nan non tout gran fanmi sa a, nou vle remèsye kèk pèsonalite ak enstitisyon ki te toujou la pou nou:
Marc Exavier ( APOLECT), Dede Jean D. Dorcelly ( Sosyete Koukouy Ayiti), Frantz Carly Jean Michel (Ansyen DG Direction Nationale du Livre) , Luna Gourgue (Sekretè egzekitif Akademi Kreyòl Ayisyen, Wilson Paulemond (DNL), ARAKA, Akademi Kreyòl Ayisyen, Ernst Mirville(ELAKAK), Christophe Charles (Éditions Choucoune), Manno Ejèn, Pierre Michel Chéry .

MOUN KI SIYEN:
Stevenson JACQUES ( Cassa), Anivince JEAN BAPTISTE, Shango ASÒTÒ, Messerne SAGESSE, Michelle ST FÉLIX, Iléus PAPILLON, Sterlane SAUVEUR, Madeleine MONDESTIN, Jethro ERNEY, Jasmine AUGUSTIN, Mackenda DELIASSE, Cynthia MAIGNAN

bakop pou andirans
Bouton retour en haut de la page