EN CRÉOLE

Pòmago: lekòl nasyonal tounen baz politik

Sou kesyon Direksyon lekòl nasyonal Pòmago yo ki tounen baz politik ak gang nan, sa pa etone m. M pa sezi ditou.
Ni m pa p sezi tou si yon lè, chak pwofesè ta oblije gen yon gwoup nèg ak zam dèyè li pou li antre nan yon sal klas. Dayè, pou kantite zam dirijan yo distribye Pòmago, se nèg ak zam ki vle lekòl fonksyone toujou.
M ap siyale, dosye politik fè malfektè boule Biwo enspeksyon edikasyon nasyonal komin nan, sa nou rele BDS a / Biwo Distri Skolè.

YouTube video player

M pa gen anpil pou m di nan kesyon sa paske dabò, nou konnen sous pwoblèm nan deja: Depite Fanfan te fè konnen se li ki «Responsab Edikasyon Pòmago.» Gen anrejistreman kote l ap repete betiz sa. Li te Depite an fonksyon nan moman. E san wont, san krent, san jennen li te fè deklarasyon sa devan tout moun. Mwen, Iléus PAPILLON, kòm pitit komin nan, m te denonse lòbèy sa deja. M te twouve se yon wont paske nou nan 21è syèk, Hayti pa merite sa. Lekòl pa ka mele nan politikayri / militans ak patizànri… Sa parèt enkonsevab pou se Depite k ap enpoze pèsonèl anseyan nan Pòmago. Se aksyon nou pa ta dwe menm imajine / oze reve, malerezman jodi a li se yon reyalite. Depite Fanfan dwe pran responsabilite l paske se li ki Responsab Edikasyon nan komin nan, dapr temwanyaj li.
M wont anpil pou Fanfan paske Misye pa te janm montre vizaj sa avan.
Jodi a, Ministè Edikasyon Nasyonal pa fouti touche yon Direktè / pwofesè ki byen ak Depite Fanfan. E se anba presyon gwo zam pou yon Direktè aksepte kite yon direksyon si Ministè Edikasyon Nasyonal transfere li yon lòt kote. Nou konn menm jwenn 2 Direktè nan menm lekòl la k ap fè enskripsyon, ranmase lajan paran.

N ap raple, Pòmago se pi ansyen vil zile a. Yon ansyen fwaye rezistans kont esklavaj. Komin kote m fèt la ni lòt rès peyi a pa merite sa.

Mwen mande laprès, sosyete sivil, dirijan ki gen ti kras diyite toujou, ede Pòmago soti nan salmalaza sa.
Quétus EYMA, pran responsabilite ou.

M ap gen pou m rankontre Minis Edikasyon an sou dosye sa.

Iléus PAPILLON
IP

bakop pou andirans
Bouton retour en haut de la page