EN CRÉOLE

PLONGAYE GAYE KÒ LI NAN DEPATMAN SID SAN FÈ BRI

PLONAGAYE. INC s on òganizasyon entènasyonal k ap travay depi yon bon bout tan an Hayti. Li enplike nan divès domèn tankou: edikasyon (peye lekòl pou timoun), enfrastrikti (konstriksyon plas piblik nan Sid), entèvansyon ijans (ede viktim tranblemanntè 14 out 2021 yo). Òganizasyon sa ki gen nan tèt li Suzette M. MORISSEAU, Mario FILS alyas Zagribay, Dwardy FRANCK, Mossolino EDMOND, Jordany HOMEUS, Garçon GÉDÉON, pou site sa yo sèlman ap travay san fè bri pou rive satisfè kèk bezwen popilasyon an nan mezi yo kapab.

Malerezman, anpil enstitisyon k ap travay tout bon an Hayti pa souvan fè gwo bri. Plongaye pa kwè nan fè wè ni itilize imaj moun ki jan povretre.
Se pou san, metòd entèvansyon PLONGAYE diferan de anpil òganizasyon sou teren an.

Pandan PLONGAYE ap travay, li pran prekosyon pou respekte diyite ak entegrite tout moun l ap ede.

Ak tout modesti, divès reyalizasyon PLONGAYE yo ka pale pou li. Nan Masèy, Sen Jan Di Sid, depatman Sid, òganizasyon an deja siyen non li nan konstriksyon plas piblik.
Mete sou sa, PLONGAYE.INC reponn prezan nan ede viktim tranblemanntè 14 out 2021 an keseswa nan separe prela, bwa depakat, tòl, playoud, manje, tant, elatriye., pou ede viktim katastwòf natirèl sila ki nan gwo bezwen. Bay piti pa di chich.

Se nan sans sa, PLANGAYE.INC envite tout òganizasyon chache konnen vrè pwoblèm popilasyon an epi ki bezwen ki pi ijan moun yo genyen pou ede yo nan difikilte y ap travèse jodi a.

PLONGAYE s on òganizasyon entènasyonal ki regwoupe plizyè Haytien ki konsyan de pwoblèm peyi yo epi ki kwè menm si yo p ap viv nan peyi a, yo ka pote kontribisyon yo pou konstwi yon lòt peyi kote chak moun ka jwenn byennèt.

Iléus PAPILLON

bakop pou andirans
Bouton retour en haut de la page