ActualitésEN CRÉOLE

PI GWO DANJE A SE PA MIGRAN HAYTIEN YO

Pi gwo enkyetid nou se pa sitiyasyon k ap pase frè ak sè nou yo sou fwontyè ant Mexique ak USA an septanm 2021 an. Nou te deja konnen sa gen pou li rive paske nou travay pou sa. Ni kèk peyi ki di yo se zanmi nou tou, yo ede nou rive la. Yo souvan mete yon bann demeplè nan tèt peyi a pou regle zafè enterè yo men se pa enterè Hayti.
Sa ki parèt pi gwo danje nan sitiyasyon n ap viv la:

1. Se pito, konpòtman dòmi nan je / kitemeleboudam Leta haytien afiche a epi absans plan estratejik pou manyen pwoblèm nan. Nou ka remake pa gen okenn mezi konkrè dirijan yo anonse pou chanje sa. Se toujou menm pratik yo: fè Tweet, ekri kèk mesaj sou Facebook, plenyen tankou tout moun epi chache medya sistèm nan pou detounen atansyon moun yo nan fè manipilasyon. An gwo, s on Leta dife pay mayi ki gen dlo je pou chak kout zong.

2. Nou remake tou, prezidan dominiken an ak kèk lòt lidè nan lòt peyi tankou Panama, Kòstarika… pou site sa yo sèlman, santi yo plis konsène pase moun ki swadizan ap dirije Hayti yo. Si nou fè nouvèl, n ap wè kijan kèk dirijan lòt peyi montre yo preyokipe. Alòske nèg isit kontinye menm vye pratik yo: bay sirèn, anpeche moun sikile nan lari, kouri monte, glise desann, kraze machin malere ak gwo kòtèj yo san yo p ap regle yon mèd. E sa ki parèt pi biza se paske moun k ap dirije Hayti yo bliye wont. Yo pèdi kapasite pou yo wont. Peyi a pa ka reponn menm pou bay pèp la dlo si gen yon katastwòf. Tout ijans nou genyen, se lòt peyi pou nou rele. Nou pa fout planifye anyen. Nou chita la n ap ranse. Nou jwenn medya pou ban nou radote tout jounen, men konkrètman, nou s on bann bouda chire ki panse nou se chèf, men an reyalite nou pa anyen. Nou pa pip tabak. Nou sanble pa janm mande tèt nou: kijan lòt dirijan nan lòt peyi gade nou? Nou s on bann sangwen. Yon pil aloufa patannte.

3. Lè yon pèp ap pati kite peyi li nan vye kondisyon sa yo, se paske gen satisfaksyon li pa jwenn. Premye eleman solisyon an se ta va kreye kondisyon pou Haytien jwenn sèvis, travay, kredi pou fè biznis pou kreye richès epi sispann ak zafè tout bagay kwense nan Pòtoprens lan. Sispann bay boujwa avantaj sèlman. Swadizan nèg ak fanm ki soti nan klas defavorize a, se nou ankò ki bay boujwa yo tout kalite avantaj sou baz koulè po yo. Nou s on bann malfektè. Se nou menm ki mete Hayti nan eta sa paske tout rèv nou se fè yon klas moun vin pi rich pandan nou fout bliye moun ki gen menm orijin sosyal ak nou. Nou parèt pi kriminèl pase menm moun nou rele boujwa yo paske se nou ki ofri yo tout kalite privilèj odetriman moun ki sanble ak nou. Nou se premye responsab dezas imen n ap viv la. Nou se premye moun k ap koupe branch nou chita sou li a.

4. E sa nou pral ekri la, tout moun ka suiv li. Si nou pa fè anyen, pa sezi si an 2022, 2023… nou wè gen plis Haytien ki rive ankò sou fwontyè ant Mexique ak USA. S on popilasyon nou lage pou kò li anba dan bandi legal, vyolans tout kalite, menas, ensekirite sou tout fòm ak lamizè ki fin anvayi li. Nan sitiyasyon sa, li pa gen lòt chwa, kite peyi a. Menm aksyon tèt anba yo ap kreye menm reyaksyon bò kote pèp la.

5. Si nou gade byen, n ap wè diferan gouvènman ki pase yo pa tire okenn leson de anyen ki rive nan peyi a. Siklòn, aksidan, tranblemanntè 12 janvye 2010, nou kreye CIRH l, yon boul malatchong ak yon pil blan je vèt pami yo, Bill Clinton, ansyen prezidan ameriken. Nou te panse paske blan te nan CIRH te ka gen yon bagay yo t apral regle, anverite, blan yo montre nou Haytien potko te janm konn vòlè. Konsa, nan yon batje, plis pase 10 milya dola ameriken pase tankou flanm. Pa gen okenn pwosè paske gen blan ameriken ladan. Nou ka remake CIRH pa rive konstwi menm yon latrin / twalèt pou pèp la poupou, alewè li ta konstwi wout, lojman sosyal, elatriye. 10 milya dola retounen kote li te soti a, epi yon pati rete nan men ti mafya isit. Mete sou sa, 4 milya dola PetwoKaribe gaspiye. Tout vòlè yo la anba je nou. Nou rete la nan tetelang ak yo. Lajan gaspiye alòske tout kòb sa yo te ka patisipe nan amelyore kondisyon sosyal egzistans pèp la nan sipòte agrikilti, konstriksyon wout, teren foutbòl, bank devlòpman, lojman sosyal, lopital, lekòl, sipòte moun k ap kreye antrepriz. Mafya haytien ak mafya etranje bafle lajan sa yo. E nou ka wè konpòtman Etazini nan dosye sa yo. Ameriken yo pa janm mande pou bandi ki manje lajan sa yo rannkont.

Boutofen, se tout gagòt sa yo ki lakòz Hayti tounen yon lanfè, yon espas dezespwa pou pwòp pitit li yo pandan gen ti gwoup makòklen k ap viv nan liks sou do taks majorite a. E nan divizyon sosyal mafya, nou jwenn yon bann lòt kowolè tankou lekòl yo ki vin yonn nan pi gwo mafya peyi a genyen kounye a nan kase ponyèt malere pou peye 5 tranch lajan lekòl, inifòm, liv, teni spò, ki fè chak lekòl tounen yon geo boutik, yon kenkayri… malerezman DGI poko janm deside fè direksyon lekòl sa yo bay patant pou boutik yo louvri anndan lekòl yo. Nou ka ajoute tou yon lòt eleman nan mafya sa ki se legliz ki gen wòl koukouman lespri moun yo, fè yo tounen mouton sou baz kretyen pa nan zafè politik men yo bliye si tout desizyon politik yo gen gwo enpak sou lavi kretyen yo. Si fwaye sosyalizasyon yo tounen kansè, peyi a deja kokobe. Se anndan selil de baz sosyete (ekòl, egliz, fanmi…) endividi soti pou repwodui sosyete a… Lè nou konsidere tout eleman sa yo atè plat, ebyen ki sa nou ka espere?

Nou p ap soti nan labou santi sa nou ye la an 2021 an si nou kontinye ak menm vye pratik avan yo. Nou p ap fè wonnpòt si pa gen reglemannkont sou lajan ki te la pou fè devlòpman. Nou dwe sispann griyen dan ak vòlè pou peyi a pran yon lòt wout pou chak grenn Haytien ka goute byennèt pa yo. Hayti dwe pi gwo byen tout Haytien. Nou dwe sispann pran leson nan men blan. Yo la depi dikdantan, si yo te vle, yo t ap devlope Hayti deja. Yo pa gen misyon sa. Plan yo se divize nou pou yo renye.
An nou leve tèt nou gade solèy la pou yon nouvo jou leve sou Hayti.

Iléus PAPILLON

bakop pou andirans
Bouton retour en haut de la page