Patrimoine

MEN SA KI TE RIVE MARIE-CLAIRE HEUREUSE FÉLICITÉ BONHEUR, MADANM DESSALINES APRÈ ASASINA MARI LI

Apre asasina Papa Nasyon an, Jean Jacques DESSALINES an 1806, Leta haytien te abandone Madanm Anperè a ki se Marie-Claire Heureuse Félicité BONHEUR, yon fanm djanm ki te batay bò kote Dessalines pou ban nou Endepandans. Daprè yon tèks PROFILE AYITI pibliye ak kèk referans liv li rekòmande, PROFILE AYITI fè konnen, malgre nan dat 19 oktòb 1806 Alexandre PÉTION te kouri ekri Madanm Dessalines yon lèt pou jistifye lanmò Fondatè nasyon an epi simen yon bann pwomès tankou djondjon, Alexandre PÉTION pa te janm rive kenbe yonn nan pwomès sa yo menm.

Konsa, pandan tout lavi li, Madanm Dessalines pral viv nan kras, nan mizè, malsite ak povrete. Li pral viv tankou nenpòt dezevre, san espwa, san èd pèsonn.

Kòm Ewoyin Gè Endepandans Hayti bò kote mari li, tout dwa Marie-Claire Heureuse te pase anba pye. Okenn enstans nan Leta ni aktè politik pa te pete nan koton ba li santi.

E PROFILE AYITI kontinye pou fè konnen, kòm Premyè Enperatris Hayti  pa te rive jwi okenn privilèj sou gouvènman ni Alexandre PÉTION ni Jean Pierre BOYER. 

Se jis an 1843 sa vle di, 37 ane apre asasine Dessalines, gouvènman Charles Rivière HÉRARD ta pral pibliye yon Dekrè kote kote li akòde Madanm Dessalines yon pansyon vyajè de 1200 goud chak 12 nan mwa.

Sa pa anpeche an 1858, a 100 lane, Marie-Claire Heureuse Félicité BONHEUR mouri Gonayiv nan mizè. S on gwo desepsyon, yon gwo wont pou Leta haytien, pou fanmi Dessalines. Yon lòt gwo ofans pou memwa potorik gason sa ki se Jean Jacques DESSALINES. Alòske Madanm Henry CHRISTOPHE pa te jwenn menm tretman sa. Okontrè... 

Istwa Madanm Dessalines montre aklè ki wout yon gwoup moun te pran ak Hayti byen bonè. S on sosyete ki kòmanse ak mechanste, enpinite depi apre zak sasinay Dessalines. 

Gen moun k ap poze kesyon pou konnen ki kalite mal Jean Jacques DESSALINES te fè pou li merite sò sa (non sèlman malfektè nan Pòtoprens fin touye li, men yo imilye Madanm li.) Dosye Hayti a pa piti. Hayti se labouyi cho jiskounyea, yon kalalou gonbo k ap bouyi nan yon gwo bonm.

Si nou vle gen plis detay sou itswa sa, vizite paj Facebook PROFILE AYITI. M. Charles Philippe BERNOVILLE k ap fè yon bon travay rechèch. Nou remèsye li epi felisite li pou sa.

Nou ka li tou:

  1. Alain TURNIER. Quand la nation demande des comptes.1989.
  2. Thomas MADIOU. Histoire d'Haïti: 1827-1843.

 

Tradiksyon kreyòl, remak ak ajou: 

Iléus PAPILLON / OBSERVATOIRE PATRIMOINE (OBPA)

bakop pou andirans
Bouton retour en haut de la page