Patrimoine

Ki sa n ap fè ak peyi sa ?

Batiman sa n ap gade la twouve li nan vil Okay. Se kay ansyen prezidan haytien, Louis Étienne Félicité Lysius SALOMON ki te dirije peyi a soti 1879 rive 1888. Li te pase 11 lane sou pouvwa.
Nan nenpòt peyi sou latè, rezidans yon ansyen prezidan dwe yon espas pwoteje. Kèlkeswa prezidan, menm si li te yon sangwen oubyen yon batisè.

Malerezman, nan peyi nou, Hayti, nou pa mete Patrimwàn nou yo an valè.
Jan n ap gade Patrimwàn sa, kay Alexandre PÉTION, Jean-Jacques DESSALINES, kote ansyen Tancrède AUGUSTE te mouri Avni Kristòf… tout prèske menm jan. Pa gen okenn enstans etatik nan peyi a ki travay pou pwoteje byen patrimonyal nou yo. @ISPAN la jis pou non.

Mèsi @Fortune Edris pou foto a epi paske ou atire atansyon sosyete a sou ansyen kay sila la Leta haytien ki nan eta sa.

Li klè, dirijan haytien yo pito mache pran grenn diri nan men blan olye yo valorize sa peyi a genyen kòm richès pou jwenn mwayen nan diyite.

An nou pwoteje Patrimwàn nou yo pou demen nou ka pi bèl.

Iléus PAPILLON pou Observatoire Patrimoine(OBPA)

bakop pou andirans
Bouton retour en haut de la page