OPINION

Peyi moun pa peyi pa mwen, lakay m ap tounen!

Peyi moun pa peyi pa mwen, lakay m ap tounen!

David Estellis David B gen yon ti refren ki dwe travay pou l vin yon hit ki di konsa:"Peyi moun pa peyi pa mwen, lakay m ap tounen." Gen Haïtiens ki pi blan ke Blan, le yo fin siyen nan peyi G8 ak G20 pou yo depote tout etranje, sitou moun nwa; Haïtiens sa yo ap touye tet yo.

KREYATE a pat kreye nou pou nou viv nan soufrans selman; se nou ki koz soufrans nou nan aji tankou bet sovaj, nan konpleks enferyorite nou pou n ap mache deye Blan rasis ki fe nou konprann yo ka domine nou. Fizikman, yon nwa, yon Haytien sitou pi fo e pi rezistan ke yon Blan. Tank blan an viv nan fredi, se tank li ensansib, se tank li mechan, tank li feb fizikman. Mechanste Blan an se sa gwo save yo rele "instinct de survie" paske yo konnen yo feb fizikman e yo konnen nwa yo gen menm sevo ak yo; kidonk menm kapasite pou aprann, reflechi, panse, kreye, envante ak jere, oganize.

Sonje mwen toujou di nou ke se HAÏTIENS ki rayi Haïti. Se Haïtiens ki te touye Papa nansyon an Osiris Jean JACQUES YESHUA DESSALINES. Se HAYTIENS k ap konstwi HAYTI san ed Blan bouwo nou yo. Jean Fils-Aime ak Bilolo Kongo gen pou yo met ajenou nan tout kafou pou yo mande padon. Mwen pa denonse yo; men JEZIKRI, ki se pi gwo Akan ak pi gwo e pi pwisan Egrego ki egziste ap tounen nan boul figi yo. Egzod masif pou n tounen lakay nou an ap fet. Si nou te konnen jan CIA, MOSSAD, MI5, MI6, FBI ak sosyete sekret peyi G8 ak G20 yo fe enfiltre tout kwen lakay nou, gen anpil enstitisyon pwopagann ki t ap femen deja; e gen kek vakabon sanwont nou fe chef, nou bay vale yo pa merite ki t ap nan prizon ap travay late pou nou ka jwenn manje nanm pou nou nouri pep la.

Nan yon ti tan anko, nou pap tande mo makout, divalyeris, LAVALAS, PHTK, ARISTIDE, BELLERIVE, AVRIL, KPLIM, JOVENEL, YOURI, BIGIO, APAID, BOULOS, ABDALLAH, Duvalier ak tout lot vole k ap fe konplo sou do peyi Dessalines lan, pep YAHWEH a depi 215 zan. Tripoyay la ap fini. Pa kriye le nou we mechan an tonbe nan twou li te fouye pou antere malere yo. M ap envite nou swiv Jean Fils-Aime sou YOUTUBE pou nou ka konprann batay Haïti a e pou nou ka konprann wol elit nou yo, sitou elit entelektyel la nan konstwi sistem inyorans lan ak alyenasyon an. Jean Fils-Aime pa yon enbesil; li konnen tre byen ki dyob sal l ap fe; kafe li ap koule ak ma.

Ti mesye ki negosye san PITIT DESSALINES ak JEZIKRI yo pou yo vin chef fatra gen pou jije si lanmo pa pote yo ale. Gen 2 paste Advantis m ap rekomande nou pou nou swiv sou YOUTUBE: Paste Maurice ak Paste d'Haïti k ap fe yon travay serye. Pa bliye tande Alabanza, Zetwal, Mystère Divin, ak tout jenn atis evanjelik k ap chante pawol lavi a. Papa m ki se paste gen yon chanel sou YOUTUBE(Theoma TILUS) tou kote li dekotike kek pasaj, sitou levanjil sanntifikasyon an, nou ka monte sou li, abone e pataje. Pa neglije paste Kongole Marcello J. Tunasi k ap bay pawol la. Adorasyon evanjelis Samuel Robuste yo, Paste Lochard Rémy yo ka kore nou tou.

Dezod k ap fet Haïti a, se yon dezod gwo Blan planifye e HAÏTIENS ki pa moun ap egzekite. E, se LEGLIZ(KATOLIK ak PWOTESTAN) yo ak neg ki nan Vodou yo ki alye bouwo nou yo. Pa gen dyalog posib ak dyab. Nou jwenn mesaj kanpe goumen Frères Parent, Manno Charlemagne, Koudjay la ak Samba Kessy, Boukan Ginen ak Eddy Francois; Boukman Eksperyans ak Daniel Beaubrun, Barnabe, san m pa bliye Lenor Fortune di Azor ki te yon potorik gason ki pale an daki, men ki preche LEVANJIL Lanmou an.

Je HAÏTIENS k ap domi yo gen pou vin kle, nou gen pou n konprann pirataj espirityel nou sibi depi 1806 le yo touye rev Imanokrat PAPA DESSALINES nan. Jan LABIB di nan Som yo, pa neglije, bay bandi sa yo merite. Fe vyolans sou tet nou, priye, plenyen mize nou, febles nou bay BONDYE. Pa okipe bandi k ap di nou pawol fatra: "lapriye pa ka konstwi anyen, sinon Haïti ta chanje." Sonje achte Bib KREYOL la pou nou li li paske se kreyol ki lang nou; kreyol pale kreyol konprann. Paste yo ak pret Katolik yo pa vle nou konnen sa k ekri nan Bib la paske yo pa vle nou develope gwo kapasite Pawol Sakre sa yo ka bannou. Ma gentan montre nou kouman pou nou itilize Liv Som ak Pwoveb yo; nou dwe konn verite a k ap rann nou lib. Reveye w tonton; sispann domi ak fe move rev!

Paste yo, Pret KATOLIK yo, ongan nan Vodou yo pa montre nou priye; se maji yo montre nou; priye pou viza, rezidans, plat manje, fem kay ki bout, rad ak yon bann ranstay k ap deperi ki pap itil nou anyen. LABIB montre nou jan pou nou priye. Priye nou dwe ede nanm nou ak lespri nou monte al jwenn BONDYE e viv annamoni ak li ki se KREYATE. N ap fe yon seyans fomasyon sou LAPRIYE k ap dire 18 mwa ki koumanse an Desanm 2020; se kek liv kek teyolojyen, mistik ekri sou LAPRIYE pou yo eksplike pawol LABIB yo sou kesyon sa m ap kopye e tradwi yo pou nou ka jwenn yo an franse ak angle ki se 2 lang bouwo nou yo konprann. Mwen swete kek moun ka ede n nan tradwi teks sa yo an kreyol(Ayisyen) ak panyol.

Toujou sonje le w ap viv nan peyi moun, se annegzil ou ye. Toujou sonje lakay se lakay. Toujou sonje se HAÏTIENS ki mare sosis yo ak Blan pou fe tchyoul e touye nou. Pa kriye pou mechan k ap jwenn sa yo plante kom mechanste! David B ta sipoze anrejistre mizik li a pou l ka bay Pep Dyaspora a yon bouste pou yo sonje prepare retou a. Peyi moun pap janm peyi pa nou; lakay n ap tounen.

Ak LETENEL, nou ka fe gwo bagay! Priye pou mechan ki kache nan mitan nou yo ka denonse pwop tet yo!

HAÏTI ap chanje!

Kerlens Tilus. 01/06/2021

[email protected]
Tel: 631-639-0844

bakop pou andirans
Bouton retour en haut de la page